Lorem ipsum dolor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo. Aprann plis

Enpak nou an

  • Patnè

  • Manm yo

Kolektif nou an .

Kreye nan lane 2017, Kolektif fanm ayisyèn genyen ladann òganizasyon ke fanm an ayiti ap dirije. Kolaborasyon nou repoze nan founi sèvis dirèk ak òganizasyon ki baze nan divès depatman nan peyi a.  

Antanke Kolektif, nou chèche ekri pwòp istwa nou ak tire avantaj nan ekspètiz nou ki lye ak otomizasyon fanm yo, ak sante, ak edikasyon, Lidèchip ak devlopman kominotè, devlopman ekonomik, devlopman biznis ak angajman sivik. 

travay nou

Travay kolektif la

2023
2023
  • Sekirize lajan pou louvri yon Safe House pou fanm sivivan vyolans nan Nò Ayiti
  • Kontinye distribisyon vitamin pwojè ak yon konsantre sou fanm
  • Ki te fèt yon Seri konferans otòn pou adrese, sante repwodiktif seksyèl, ak devlopman lidèchip tifi
  • Aktivite kenbe ak Gwoup Travay Defans Ayiti a sipòte politik pozitif anvè Ayiti.
  • Kontinye inisyativ ti sibvansyon nou an ak fanm ki te dirije òganizasyon de baz atravè Ayiti.
2023
2022
2022
2022, se te yon ane enpotan avèk lansman «  Programme Policy Fellow » pou bay sibvansyon avèk òganizasyon ke fanm ki ap viv deyò Ayiti ap dirije. Paske nou repoze nou sou kolekte lajan, HWC te seleksyone antanke patnè « Girls Opportunity Alliance de la Fondation Obama » pou soutni yon fòmasyon san kanpe pou 20 tifi nan vil Dondon ak tigwav gras ak yon GoFundMe 50 000 $.
2022
2021
2021
  • Nou te genyen reyinyon anliy nan jounen mondyal sante ak pou nou reponn kesyon bezwen politik yo.
  • Nou rejwenn « La coalition pour la reponse à Haiti »
  • Nou mete an plas pwojè pou jèn fi nan de kote.
  • Nou resevwa yon finansman nan men “ fondation MADRE “
  • Nou lanse pwojè Vitamin Angel nan potoprens, Okap, Dondon ak Tigwav
  • Nou te reponn nan tranblemanntè an out la, kote nou te bay èd ak òganizasyon ke fanm ap dirije e nou te bay klinik sou sante seksyèl ak repwodiktif ak plis ke 300 fanm.
  • Nou lanse yon kolèk lajan ak sipò ” EARTHQUAKE FUNDS/ SUPPORT “ ak òganizasyon sa yo : Radikal, Profamil, Fondation Toya, HAGN, Fondation Julia et Jade, Femme et Democratie. SOFA, Lambi Fund, Fleur de Vie ak Community2Community.
2021
2020
2020
  • Ranfòse konesans, kapasite manm yo avèk kèk reyinyon anliy « Lunch and learn”, devlope nouvo patenarya avèk òganizasyon ki baze an ayiti e ke fanm an Ayiti ap dirije.
  • Nou rejwenn gwoup k ap travay pou pledwaye an Ayiti – HAWG 2020
  • Lansman repons Kovid kowòdone ak sratejik an Ayiti, dirije pa manm yo.
  • Mete aksan sou enfòmasyon , rann tifi yo otonòm, lidèchip
2020
2019
2019
  • Bay soutyen nan Konferans C2C-FAHM sou fanm saj nan vil tigwav
  • Patisipe nan reyinyon avèk plizyè reprezantan gouvènman ayisyen an
  • Resous an nati ak finansye pataje
  • Fòmasyon yon komite pledwaye- premye reyinyon an te fèt avèk manm kongrè Clarke ak senatè Gillibrand, pouswit kontak yo te fèt avèk manm kongrè Jeffries (2020)
  • Nou te akeyi anplis nouvo direktè « Exécutif de l'Institut pour la Justice et la Démocratie en Haïti » (IJDH)
2019
2018
2018
  • Nou te devlope sa nou genyen kòm misyon, vizyon ak prensip kolaborasyon nou yo, valè nou yo.
2018
hatHaitian Creole
Scroll nan tèt